Grandans ensekirite: Yon kò san vi retrouve nan Jeremi, alòske popilasyon an nan Wozo trouve 2 lòt kadav

722

03-25-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lannwit 23 pou louvri 24 mas 2023 a, nan rantre sid pon tou nèf ki sou Rivyè Grandans lan, zòn Gebo, abitan yo leve jwenn kadav yon jenn gason cheve trese, krible e mouri ak katouch.

Tandiske, nan menm sware 23 pou louvri 24 mas 2023 la, popilasyon komin Wozo leve jwenn kadav 2 lòt jenn gason. Divès moun ki temwaye nan mikro TRiboLAND, fè konen ke pèsòn ou pwòch viktim yo pa reklame yo.

Pou anpil moun onèt nan kominote yo, tout sispèk move zak sa yo e nan kèlkeswa zòn nan depatman Grandans lan yo ye, dwe jwenn monnen pyès yo anba men fòs lòd yo, ki genyen misyon pou retabli lapè ak trankilite.





Comments are closed.