Lopital jeneral Notre Dame Tigwav ap pran lanm pou bay ti gout sèvis

1,511

11-03-2022

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Lopital jeneral Notre Dame Tigwav ap mal fonksyone depi kèk jou akòz gaz ki pa disponib sou mache a, selon deklarasyon direktè medikal enstitisyon an, Dr. Fred JASMIN nan kad yon entèvyou li akòde ak laprès nan biwo li jounen jedi 3 novanm 2022 a.

Siyasyon sa a, daprè medsen an chèf lopital la, lakoz bwat medikal la genyen 10 medsen ki mande transfè pou ale nan lòt lopital; mete sou sa, divès sèvis pap fonksyone tankou mòg lopital la, sal operasyon, òtopedi, radyoloji e latriye…

Dr. Fred JASMIN

Laboratwa, ijans, matènite, pediatri se kèk sèvis kap mache gras ak yon ti rezèv enèji solèy. Nan sans sa a, teknisyen nan zafè sante a, Dr. Fred JASMIN mande otorite yo nan nivo santral pou rann gaz la disponib nan tout ponp sou tèritwa nasyonal la yon fason pou lopital piblik tankou prive jwen mwayen pou yo fonksyone pou bay swen ak pasyan ka yo nesesite..

Direktè medikal la, Dr. JASMIN, deklare lopital jeneral Notre Dame Tigwav pap ni kraze ni fèmen, ekip la ap fè tout sa yo konnen pou pèmèt lopital la reziste, pandan l anonse nan jou kap vini la yo, direksyon lopital la pral fè yon ti ogmantasyon nan pri sèvis yo. Konsa, sa ap pèmèt yo kenbe, daprè li menm ki konfime ke tout sa ke yo ap itilize nan lopital la, se achete yo achte yo. Kidonk, yo pa jwen anyen bò kote leta santral; se grès kochon an ki kwit kochon an.

JOICY Arnold Tigwav

Comments are closed.