Yon delegasyon ansyen elèv Lekòl Nòmal Lavo vizite famiy jounalis defen Romelson Vilsaint

1,632

11-03-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Yon delegasyon ansyen elèv Lekòl Nòmal Lavo vizite jodi jedi 3 novanm 2022 a, famiy Romelson Vilsaint, jounalis Radyo Jenerasyon 80, ki te tonbe anba bal polisye bandi nan Pòropwens nan dat 30 oktòb pase a. Yon vizit gide nan objektif pou pote solidarite bay Mèt Rolin Visaint ak tout rès fanmiy lan.

Jès deplasman sa enskri nan kad pouf è prèv solidarite ak pou mande responsab lajistis yo nan peyi Dayiti fè limyè sou asasina tout jounalis yo nan peyi a.

Soti 7 janvye 2022 pou rive 30 oktob 2022, gen 7 jounalis ki mouri asasinen devan de grenn je swadizan otorite kap gaye pay. Anpil kesyon kap poze, ki lè nap ka pale de libète despresyon lakay? Antouka,tout kote lajistij fèb, se mal ki triyonfe.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.