Bandi “Village de Dieu” yo, manke voye Madan Lalime ak divès lòt gwo chabrak nan peyi san chapo.

1,416

3 moun mouri, plizyè lòt blese, san konte plizyè lòt gwo zotobre ki arive chape pou l yo anba bal bandi, se bilan yon atak gang “Village “de Dieu” yo fè sou yon kòtèj jounen mèkredi 3 novanm 2022 a nan Pòtoprens.

11/03/2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon delegasyon ki tap pran chimen Penitansye Nasyonal jounen mèkredi 03 novanm 2022 a, kite genyen nan tèt li Madam Helen Lalime (BINUH), Jacques Lafontant, Bernard Sainvil, Bertho Dorcé ak yon grefye; se konsa, bandi “Village de Dieu” yo san reflechi ta pral atake kòtèj gro potanta sa yo, sa kita pral okazyone yon gro sòlòkòtò zam chante ou yon bilan dramatik epi katastwofik.

Sepandan,malgre gwo chabrak sa yo chape poul yo sapa anpeche 3 moun mouri epi plizyè lòt blese.

Li enpòtan pou konnen, dram sa a pase nan moman gwo chabrak sila yo ta pral libere kèk prizonye nan Penitansye Nasyonal, selon kèk media nan kapital la.


Comments are closed.