Yon Diplomat Anglè 37 lane mouri apwè li te fenn enfekte anba kowonaviris

0 337

Grann Bretann____(TRiboLAND) Pandan ke kantite moun ki enfekte avèk kowonaviris ap miltipliye, nouvèl yo pa sispann defavorab pou peyi Angletè. Apwè nouvèl ki fè eta de Prince Charles ki kontrakte viris la; koulya se nouvèl yon Diplomat anglè, Steven Dick 37 lane, ki mouri yè Madi a apwè li te fenn enfekte anba Kovit-19 la, dapwè Biwo Afè Lòt Bò Dlo peyi Angletè.

“Dick selon paran li te yon pitit gason ki te jenere, afab e enteresan. Se te toujou rèv li pou li te travay pou Biwo Lòt Bò Dlo Peyi Angletè e reprezante peyi li an gran jan”. “Nou reyèlman devaste anba gwo pèt sa e nap mande yon sèten diskresyon nan moman trajik sa”, dapwè paran Diplomat la.

Sekretè pou Afè Lòt Bò Dlo peyi Angletè a, Dominic Raab deklare: Mwen santi mwen devaste anba nouvèl tristès sa ki se lanmò Steven e kè mwen ale dwàt a paran li Steven ak Carol”.

Steven Dick se te yon jènn Anbasadè nan peyi Hongri pou peyi Angletè.

Leave A Reply