Endividi pèson moun pa rive idantifye rache epi koupe ak manchèt lage atè 2 jaden mayi nan komin Tigwav.

387
1
Share:
TRiboLAND

04 – 11 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Endividi pèson moun pa rive idantifye rache, koupe lage atè 2 jaden mayi pou Celerveau Fedner ak Saint-FleurJean Jonel nan lannwit mèkredi 10 pou louvri maten jedi 11 avril 2024 la, nan Ba 12èm seksyon kominal Tigwav, selon sa 2 viktim yo deklare bay TRiboLAND.

2 agrikiltè yo kalifye aksyon sila kòm, asosyasyon malfektè ak kriminèl. Mesye yo plenyen anpil akoz yo di, yo depanse anpil lajan pou yo achete eskwad, bay manje, bwè, pou yo rive plante 6 mamit mayi, yon jaden yo estime ki fin pare epi malfwa yo retire li nan men yo.

Pou Clerveau Fedner, sa pa genyen lontan li te resevwa menas tout kalite bò kote fanmiy Coucoubet epi yo te opoze ak yon apantaj ki tap fèt nan yon espas plizyè kawo tè.

Nan sans sa a, Clerveau Fedner ak Saint-Fleur Jean Jonel deklare yo fè konsta legal devastasyon yo, yon fason pou yo pote plent kont X pou zak sa a, yo komèt nan jaden mayi yo a, pandan yo reklame jistis ak reparasyon.

Share:

1 comment

Leave a reply