Popilasyon Tigwavyèn lan fete fèt senpatwòn yo malman.

08 – 15 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Moun Tigwav selebre sen patwòn yo jounen Samdi 15 dawout 2026 lan, an prezans divès pèsonlite politik ak sivil nan vil la. Pou anpil moun, se yon fèt ki fete malman konparativman jan sa te ye dantan.
Nan okazyon an, se monseyè achidyochèz Nip lan, Théodile Domond ki te selebre seremoni an. Nan omeli sikonstans lan, li prezante Mari kòm yon modèl, li fè konnen Mari se yon moun ki te toujou la pou ede moun ki pimal yo.
Monseyè Théodule rabat pou li ankouraje moun kap dirije yo pou yo panse ak moun ki nan nesesite yo, daprè li, genyen yon ban’n konpatriyòt ki kouri kite lakay yo, jouk kounye a, yo pa kapab retounen lakay yo akoz kondisyon sekiritè yo kap deteryore chak jou ki jou.
Nap siyale, monseyè Théodule Domond deklare sa kifè fèt la pa bèl se paske genyen pwoblèm ensekirite nan peyi a, sa lakoz ni pitit komin nan Pòtopwens, ni sila yo ki nan peyi etranje pa kapab vini vin selebre ak komin yo.






