Yon van pèsekisyon ap sekwe yon ekip mounvman politik nan Tigwàv kap manifeste kont pouvwa defakto Ariel Henry a

718

11-02-2022


Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Ekip Mouvman politik Tigwav la, nan yon konferans li bay pou la près madi premye novanm 2022 a, sou Plas Dam Tigwav la, denonse zak asasinay yo di ki fèt sou prezantatè emisyon “Gran Lakou” sou Radyo Lebon FM nan vil Okay, ak atak sou jounalis TESS Gary epi atak ki fèt sou jounalis nan Radyo Majik 9 nan Pòtoprèns.

Lidè yo nan mouvman Tigwav la, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse pèsekisyon, ak arestasyon ilegal yo di lapolis ap fè sou militan yo, pami yo ou jwen Roger Makendy alias “Laka Dyab”; yo denonse tou, ajan ekzekitif enterimè nan meri Tigwav la, Junior BONHEUR yo deklare ki mare sosis li ak komisè polis Tigwav la ki se JULE Jean Gary. Yo reproche li pou arestasyon ak zak maspinen sou yon seri militan nan kad batay yap fè kont gouvènmen defakto Ariel HENRY a, yon fason pou rive amelyore soufrans popilasyon an ki an agoni.

Yon lòt bò, ekip mouvman politik Tigwav la, denonse movèz pratik vant gaz ilegal kap fèt nan lakou komisarya Tigwav la.

Toutfwa, ekip la mande komisè polis la, JULES Jean Gary pou resezi li nan kad pèsekisyon yap fè kont militan epi arete yo san manda. Yo mande tou pou komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, PIERRE Elioth Paul pou asime responsabilite li kòm chèf pouswit fas ak deriv sa yo, yo estime kap fèt andan komin nan.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.