Pati Politik Pitit Desalin anonse yo pral genyen pou foule beton an nan Nòdwès

1,391

Pòt pawòl Pati Politik Pitit Desalin branch nòdwès la, anonse yon gwo kokennchenn manifestasyon nan vil Pòdpè, nan dat 12 novanm kap vini la.

11-02-2022

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon pwen de pwès jounen mèkredi 02 novanm 2022 a, pòt pawòl Pati Politik Pitit Desalin, branch Nòdwès la ki genyen kòm rapòtè Réginald Pierre, fè konnen pati politik la, pwal gen pou òganize yon gwo mouvman manifestasyon nan site Kapwa Lamò a, nan dat kap 12 novanm 2022 a.

Réginald Pierre


Objektif manifestasyon sila, dapwè pòt pawòl la; se jis pou di non ak lamizè, grangou, ensekirite, enjerans epi mande depa Premye Minis defakto peyi Dayiti a Ariel Henry.

Réginald Pierre, pat mete dlo nan bouch li, pou l te kritike konpòtman kominote entènasyonal la ke l fè konnen, ki plonje tout kòl nan zafè politik, ekonomik ak sosyal peyi Dayiti san teni kont mas pèp la, ki chak jou pi plis pa kapab vakye ak okipasyon li, vwa pou yo ta jwenn ti moso la manjay.

Pou jwenn yon solisyon ak piyajè sa yo, pòt pawòl la mande ak popilasyon nòdwès la, patikilyèman abitan kap viv nan seksyon kominal yo ak katye popilè yo leve kanpe jou kap 12 novanm sila yon mannyè pou voye yon repons dirèk ak kominote entènasyonal la.

Pou fini Réginald Pierre fè konnen, yo deja envite lidè #1 pati a, kidonk ansyen Senatè Moïse Jean Charles nan jou manifestasyon sila kap gen pou prezante Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren an.

Genson hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.