“Komite Inityativ Jibile” nan Tigwav re-mete kanpe yon kwa ki te tonbe.

1,339

11-02-2022

Tigrav, Ayiti_____(TRiboLAND) Komite Inityativ Jibile replante yon kwa ki te tonbe pandan semèn pase yo, jounen madi 2 novanm 2022 a, an prezans plizyè santèn moun. Pou te mete doubout kwa a, se pat yon bagay fasil; se avèk yon pèl mekanik melanje ak konkou gason nan kominote a, pou te rive mete kanpe “Kwa Jibile” a nan twou li avèk gwo seremoni.

“Kwa Jibile” a, se yon senbòl, yon patrimwànn, e li se nam tout tigwavyèn. Anpil sitwàyen konsidere li kòm yon pwen referans pou adrès daprè kèk ansyen ki sou plas. Se yon kouch mazaik ki te chaje ak katolik, protestan, vodouyizan, mason lòj, lapolis, la jistis, e sosyete sivil ki te prezan nan kad yon parèy aktivite.

Se yon seremoni ki te soulve anpil emosyon. Komisè PIERRE Elioth Paul, se youn nan Gran Toryan popilasyon an te chwazi pou parachite Kwa Jibile a ki te tonbe.

PRENSIPAL INITYATÈ POU METE KANPE KWA JIBILE a se te:
1) Pwofesè CONSTANT Gerson
2) Enjenyè PIERRE PAUL Eddy ki te mete touch achitekti yo
3) Notè piblik BAPTISTA Louis Frantz
4) Doktè JASMIN Fred
5) BOS GENEREAU
6) PIERRE PAUL Marie Yolène.
7) Mèt Kebreau ZAMOR .

Nap raple, se te yon otobis ki asire transpò Jeremi – Pòtoprèns ki te frape epi ki te lage atè KWA JIBILE a nan troub politik yo nan dat samdi 24 septanm 2022 pase a.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.