Direktè lekòl kominotè 2èm seksyon kominal Tigwav la menase kite ansèyman si leta pa ankadre timoun yo.

09 – 28 – 2024
Tigwav Ayiti _____(TRiboLAND) Direktè lekòl kominotè 2èm seksyon kominal Tigwav lokalite La Madeleine, Jean Wilson nan yon interview li akòde ak la près mèkredi 25 septanm 2024 la, menase kite fè lekòl si toutfwa leta ayisyen atravè ministè edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pa ankadre timoun yo pou ane akademik 2024 – 2025 la.
Pou direktè Jean Wilson, se paske leta ayisyen pa asime responsabilite li pou ankadre timoun yo ki lage nan lari a san sekou ki lakòz peyi dayiti pwodwi bann ak pakèt bandi gang sa yo, pami yo Izo 5 segond, Tilapli, lanmò Sanjou, Vitelhomme Innocent ak Barbecue elatriye… Anseyan Jean Wilson ki deklare li menase mete fen nan karyè ansèyman li, si leta ayisyen pa ankadre timoun yo ki nan lekòl kominotè 2èm seksyon kominal Tigwav lap dirije a.
Toutfwa pwofesyonèl edikatif la Jean Wilson kwè lajan FNE a otorite nan ministè edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ap gagote a, te kapab itilize pi byen. Kidonk, peye pwofesè nan 17, 000 lekòl nasyonal ak lise otorite edikasyon yo te anrejistre, soti nan premye ane pou rive nan 9èm ane fondamantal epi konstwi plizyè lòt lekòl andan peyi a.







Yo bliye enpòtans edikasyon nan peyi sa
Triboland la tortue montry
Pink Withney I like the efforts you have put in this, regards for all the great content.