Komite Rara Ogèy Lajenès selebre 22èm anivèsè yo mèkredi 08 Avril 2026 lan, sou Plas Abèy Tigwav.

104
0
Share:
TRiboLAND

04/09/2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Nan okazyon anivèsè Ògèy Lajenès la, anviwon 15 ban’n rara te fè deplasman pou selebwe, manje, ak bwè epi mete animasyon nan lapè ak trankilite. Pami yo, Full – Rasta, Tamaren, Lanbi Grandlo, Senjak Majè, Mannmannan, Tisidan ak Tèt Ansanm.

Komite a fè konnen, avan yo te konsidere moun kap danse rara kòm moun ki pa save yo, moun ki pi majinalize nan sosyete a. Aloske jounen jodi a, rara danse nan salon, nan lekòl elatriye. Menm sa yo ki di yo se kretyen pwotestan, yo ka menm arive kache anba kaban’n pou yo danse rara.

Toutfwa, komite a remèsye lapwès yo di ki fè yon travay ki pa genyen pri nan fè pwomosyon pou vann kilti rara a. Yo remèsye egalman chak gren’n dirijan, tout moun, lapolis, lajistis, fanatik Ògèy, menm sa yo ki pa fanatic, men ki konpran’n nesesite pou kolabore nan yon fason ou byen yon lòt nan lapè ak trankilite pou fasilite sezon rara 2026 la pase san sovajri.

Share:

Leave a reply