Bandi sangwen pa sispann ap teworize popilasyon an: 3 moun kidnape nan Laboul 12

1,462

10-27-2022

Petyonvil, Ayiti______(TRiboLAND) Laboul pa sispan enfekte anba vyolans gang ak kidnapping tout kalite. Pandan ke popilasyon asyeje anba pwent zam gang Ti Makak kap teworize popilasyon an chak jou ki jou, yon group bandi ame sangwen ki pa idantifyàb arive kidnape 3 sitwàyen nan aprèmidi mèkredi 26 oktòb 2022 a nan Laboul12, komin Petyonvil.

Sangwen yo ale avèk 3 moun; Patrice Jacquet se youn pami sa yo ki ajoute nan yon lis viktim ase long ke gang san sal ap pèsekite e egzekite aba je gouvènman gang.

Konsa, nan dènye jou sa yo, gang ki genyen sangwen Ti Makak nan tèt li pa janm pase yon jou pou li pa teworize rezidan yo ki asyeje depi plis pase plizyè semèn nan komin Petyonvil.

Comments are closed.