Delege depatmantal Nòdwès la deklare “projè wout Kafou Jòf-Pòdpè se yon reyalite”

321

Pòdpè___(TRiboLAND) Dapwè delege depatmantal Nòdwès la Sony Dodoille, “prezidan repiblik la pwomèt pou’l fè wout kafou Jòf-Pòdpè yon reyalite paske depi nan lane1804 pou rive 2020 pa janm gen pou pi piti yon kilomèt wout ki asfalte nan depatman sila”.

Sony Dodoille, Delege depatmantal, Nòdwès



Sony Dodoille kontinye soulinye volonte prezidan repiblik la genyen, lè’l mete 4 antite kap travay sou wout la sòti Kafou Jòf pou rive Gwomòn; Gwomòn rive Basen Ble; Basen Ble rive Chansòl; Chansòl rive Pòdpè; san konte yon krèy travay drenaj nan vil Pòdpè, betonaj, asfaltaj ak plizye pon tankou: pon Man Riboul, karenaj, Brizmarina, Ri Kapwa ak asfaltaj pis asterisaj chan aviyasyon an ki gen pou fèt.

Tankou anpil moun remake, travay sa yo pa gen dat egzak ki lè y’ap konplete e ki kantite fon ki disponib pou yo reyalize. Sepandan, sa pa anpeche Delege Dodoille deja ap bat bravo pou plizyè kilomèt wout ki gen pou asfalte.

Finalman, Sony Dodoille konfime disponiblite yon montan Gd 54 milyon ak Gd 30 milyon ki pou konpanse ak dedomaje malere ak malerèz ki gen kay yo kraze nan kad projè sa yo. Anplis, li pwomèt plizyè etid ki gen pou fèt sou wout Latandri ak Ri Richard Brison yon fason pou sove eskanp figi travay k’ap fèt nan vil Pòdpè.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.