Senlwidinò/enfrastrikti: popilasyon 3èm seksyon Dègranj demare ak travay yon konstriksyon wout 30 km

1,520

10-23-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon 3èm seksyon Dègranj, lokalite Glasi Kouwo tanmen yon konbit travay ki vize pou konstwi yon wout ki relye seksyon an ak komin nan. Objektif yon parèy inisyativ vize pou restore yon seri aktivite bandi sangwen yo te elimine nan lokalite a.

Daprè Alexis ak Orius Cherfrère, travay sa pral fasilite bon fonksyonman pawas Notre Dame du Mont Carmel epi kreye aksè pou pè Kire a ka reprann plas li nan mitan fidèl yo kite separe plis pase 6 lane. Responsab kominotè yo fè konnen ke travay la anpil sevre, men yap travay chak samdi ak mèkredi pou rann li mache pi vit. Yo kontinye pou di: ak bout wou, vye pikwa, manchèt, pèl, louchèt elatriye yap travay jis kaske yo rive nan lakou pawas la, ki estime ant 25 a 30 kilomèt anviwon .

Yè vandredi 21 oktòb 2022 a, popilasyon an reouvè yon mache nan lokalite Dèmòn nan menm seksyon an, kote bandi mafwa te fèmen depi 6 lane. Yon parèy desizyon pral fasilite sitwayen yo fè echanj pwodwi lokal yo nan kad promote ou devlope mwayen ekonomik yo epi pèmèt yo jwenn aksè ak lamanjay pou konbat fenomèn ensekirite alimantè a.

Daprè dirijan yo, travay sa kapab dire 3 mwa anviwon. Li pral fasilite retablisman pawas la, answit retabli konfyans nan mitan popilasyon an kite pati kite lakay yo san kondisyon pou al pran imilyasyon nan vil Senlwidinò elatriye. Koulya pral gen plis moun ki pral travay latè pou bay prodiksyon nasyonal la jarèt nan Nòdwès la.

Dirijan yo voye yon mesaj solidarite bay tout pitit peyi a, pou asiste yo nan rekonstriksyon pawas Notre Dame du Mont Carmel.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.