Yon gwo gwoudou gwoudou sekwe Kwoasi latèt opye epi vide divès batiman atè

0 499

Zagrèb, Kwoasi____(TRiboLAND) Yon gwo gwoudou gwoudou sekwe Koasi latèt opye epi mete plat atè divès batiman jodi Dimanch 22 Mas 2020 an e koze anpil dega ak panik. Pou pi piti yon moun mouri selon sa medya lokal yo rapòte.

Gwoudou gwoudou a selon ajans seyismolojik ewopeyen, EMSC, konfime ke kapital Zagrèb te fwape anba aktivite latè tranble yo vè 6:23 am lè lokal e li te mezire apepwè 5.3 ak yon fwap titanik nan zònn solèy leve kapital la. Episant lan te estime a 7 kilomèt Nò Zagrèb ak yon pwofondè 10 kilomèt.

Yon sèl moun arive mouri nan Zagrèb; se yon timoun 15 lane ke yo jwenn anba yon batiman dapwè sa Enstiti Medsenn Ijans Zagrèb fè konnen. Anpil gwo bildenn krake nan Zagrèb e divès miray ak twati reyèman andomaje. Plizyè ri nan anba lavil la chaje avèk debwi san konte gwo blòk beton ki tonbe sou yon pakèt machenn.

Aktivite latè tranble yo rive nan yon moman konfennman pou kapital la akoz kowonaviris la kap vale teren. Popilasyon an te jwenn entèdiksyon pou yo pa rete deyò, tankou nan pak ak nan lye piblik, men yo pa genyen lòt chwa sinon ke kouri kite lakay yo.

Supèb katedral Zagrèb la resevwa kèk gwo pataswèl nan twati youn nan tèt pwenti yo sot tonbe. Nap raple menm katedral sa ki se yon biblo te rebati apwè gwoudou gwoudou 1880 an ki te fwape peyi Kwoasi jous nan zo.

Leave A Reply