Ènmi ki pa vle wè Nòdwès yo, ensandye ekipman pou pwodwi asfalt pou wout Nòdwès la

212

02/06/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Bandi sankwen ki kontinye ap travay pou kontinye somalize peyi Dayiti e ki kenbe Nòdwès nan gòj, arive ensandye nan lanwit madi 2 fevriye 2021 an nan Gonaiv plizyè katafal ekipman MTPTC ki te destine pou konstriksyon wout Kafou Jòf-Pòdpè.

Pami machin ki ensandye yo, ou jwen yon machin ki pwodwi lwil pou asfalt pou wout Nòdwès la ki te gare nan Odivin Otèl ke bandi sangwen bwile egalman. Gro kesyon an ki yès moun ki genyen enterè poze yon zak parèy? Li palòt moun, sinon ke sa yo ki fè alèji a tout sa ke Jovenel Moise ap inisye; apatrid sa yo ki obsede toujou panse ke se Jovenel Moise ke yo ap blese ou demantle. Konsa kontrèman, yo blese ou kontinye blese yon depatman ki deja genyen yon konspirasyon nasyonal sou tèt li depi aprè endepandans peyi a.

Ki sa Nòdwès peyi a fè moun ki te nan biznis konstriksyon wout ak asfalt anndan peyi? Ki sa Kapwà Lamò te fè rès peyi? Ki sa moun Nòdwès fè ke yo ap peye ki fè ke li pa merite yon wout depi ke li egziste kòm depatman? Ki sa ki pouse yon sitwayen ayisyen ou yon swa dizan patriyòt ayisyen ta arive ou kosyone yon zak sabotaj nan yon eta parèy? Ki moun sa ki genyen yon kè parèy e ki chwazi pa gade ki kantite mizè rere depatman sa ap subi depi konbyen syèk nan nivo enfwastrikti woutyè?

Sa pat etonan lè moun tap tande nan yon emisyon weekend pase a sou yon radyo nan kapital la, yon ansyen senatè repiblik la ki genyen mobilite redwi, te menm arive deklare ke se pa kouran 24/24 ke pèp la bezwen koulya. Sa vle di kouran pa yon pasaj oblije pou vi kotidyèn yon sosyete pou nou pa di pou devlopman. Li klè nou anafè ak apatrid patriyòt ki kontante yo nwaye yon depatman ki alagoni pou enterè mesken yo nan amase richès peyi a!

“Mwen mande ministè jistis anndan peyi a pou mennen prese prese yon ankèt pap padap yon fason pou detere kriminèl krim odye sa,” daprè ansyen depute Jean-Michel Moise.

Comments are closed.