Yon timoun mouri nwaye nan Lakoma premyè seksyon nan komin Jan Rabèl

2,608

05-06-2022

Lakoma, Jan Rabèl____(TRiboLAND) Leydjina Pierre se non yon ti lèzanj 5 lane ki pase anba dlo nan ravin “Dlo Sale” nan lokalite Dibwa 1e seksyon, sou komin Jan Rabèl nan moman li tap sòti lekòl.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND arive rekeyi bò kote fanmi viktim nan, ensidan sa a provoke nan moman ti lèzanj lan tap tante travèse ravin sila aprè yon gwo lapli te fin tonbe.

Chay soti sou tèt, tonbe sou zepòl! Yon fanmiy ki te deja alagoni anba flanm mizèrere, trouve li jounen jodi ap miltipliye bwàs pou antere Leydjina ki disparèt kon yon kout eklè e kite fanmiy ak lokalite Dibwà a enkosolab.

Comments are closed.