Seminè gratwit sou prodwi chimik pou jenès komin Senlwidinò a avèk TRiboLAND

1,303

11-28-2022

Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Nan entansyon pou ede jèn ki pi vilnerab yo nan katye defavorize yo, TRiboLAND Media Network ap ofri yon ansanm fòmasyon sou pwodwi chimik yo, nan kad kore jèn yo ak yon seri konesans pwofesyonèl nan entansyon pou ede yo fè fas ak lavi difisil peyi ap konnen jounen jodi a.

Nan komin Senlwidinò anviwon 40 a 45 jèn fi ak jèn gason ap gen aksè pou patisipe nan yon seyans fòmasyon sou fabrikasyon pwodwi chimik (kòmanse nan fè klowòks rive nan fè pafen ak siwo mango), yo soti 3 pou rive 4 desanm 2022 a. Seminè sila ap fèt gratis ticheri ak fòmatè ki boure ak konpetans nan lekòl Nasyonal Chemen Dègranj lan.

TRiboLAND Media Network, se yon enstitisyon ki pa sèlman chita sou difize enfo, men ki chita egalman sou sosyal nan distribye fòmasyon gratwit pou jèn peyi Dayiti kap pran lanm. Papa Loulou jenès Nòlwizyèn nan renmen w pou inisyativ la!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.