Gang sangwen ame zakaje e piye DINEPA nan Ti Rivyè Latibonit: dega yo pa piti

1,407

10-27-2022

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Gang sangwen yo ap frape 24/24 nan masakre, piye, bwile e teworize popilasyon an nan komin Ti Rivyè Latibonit. Malfwa ke moun pa kapab idantifye, fè gro desann dèlye yèswà mèkredi 26 oktòb 2022 a nan lekòl nasyonal Lavèdi nan Ti Rivyè Latibonit.

Bandi yo pote ale yon motè 16 kilowàt, plizyè ekipman ak yon motosiklèt DINEPA, daprè yon kominike otorite responsab Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman yo fè sòti.

Bandi yo sible zòn foraj ki alimante rezo dlo potab DINEPA a; yo ale ak anpil ekipman idrolik nan yon moman enstitisyon an tap miltipliye efò pou bay komin nan tigout dlo lasous. Se yon veritab sitiyasyon ki mete apse sou klou, sitou popilasyon an te deja ap fè fas ak gro rasyonnman dlo akoz problèm gaz.

Sa pa genyen lontan, bonjan travay reparasyon te efektye e motè a te enstale nan kad pou mete djanm kaptaj santral DINEPA a nan Ti Rivyè Latibonit.

Comments are closed.