Yon bandi sangwen arive touye tèt li lakay yon wongan nan chèche pwen disparèt

11 – 05 – 2024
Milo, Ayiti______(TRiboLAND) Yon dràm nan kan bandi yo voye ale bwa chat yon kriminèl ki te ale boske Pwen pipirit lakay yon wongan nan Milo, depatman Nò peyi Dayiti.
Yon bandi sangwen ki pote non “Doudou” arive pèdi lavi li nan chèche pwen zidòl lakay yon zantray vodou nan zòn Baryè Batan. Nan yon moman seremoni an, Doudou ki tap eseye si reyèlman pwen envizib ki sou li a kapab byen mache, te rale yon kalib 9 milimèt, tire sou tèt li.
Antouka, nad marinad! Doudou dramatikman arive pèse tèt li avèk 3 bal; yon bal nan fal, uoun nan pye ak yon lòt nan tèt. Malerezman, malgre bwaz ak mannèv pou arive trennen bandi sangwen an nan lopital Sacré Coeur nan komin Milo, li mouri tèt nèg.
Dràm Doudou a, ki genyen yon pòte mistik, montre nan ki nivo sipètisyon ak makakriyèz reprezante egalman yon veritab dezas kap miyonnen yon sosyete ki pa sispann kwè nan tonton nwèl.






