Wout Janrabèl-Pòdepè : yon pon andomaje aprè pasaj traktè TPTC, peyizan mande entèvansyon prese

28
0
Share:
TRiboLAND

09/30/2026

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon pon ki sitiye sou wout Janrabèl-Pòdpè, yon ti tan aprè EFACAP Lacoma, ta sibi gwo domaj aprè pasaj yon traktè ki ta sou sèvis Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC). Se Carl Kensly ki rapòte sitiyasyon an sou paj Facebook li, kote li fè konnen traktè a ta kraze pon an, pandan kèk wòch sèlman ta mete nan estrikti a anvan ekip la kite espas la. Enfòmasyon sa yo soulve enkyetid sou kondisyon enfrastrikti wout la. Gen kritik ki menm ale pi lwen pou yo di ke MTPTC pa pwodwi aloske lap kraze!

Daprè plizyè peyizan nan zòn nan, sitiyasyon an vin pi prewokipan akoz wout Janrabèl-Pòdpè a resevwa chak jou anpil gwo kamyon k ap transpòte machandiz ak lòt materyèl. Yo estime yon reparasyon pwovizwa konsa pa sifi pou garanti sekirite moun ak machin k ap itilize wout la. Domaj sou pon an kapab tou konplike sikilasyon an, sitou nan ka gwo lapli kote dlo kapab agrave feblès estrikti a.

Peyizan yo lanse yon apèl bay TPTC pou otorite yo pran dosye a an konsiderasyon epi voye yon ekip teknik sou teren an pou evalye domaj yo, pandan y ap mande pou yo fè travay ki nesesè pou rann pon an solid ankò. Yo swete entèvansyon an fèt rapidman, sitou paske wout sa a reprezante yon lyen enpòtan pou transpò moun ak pwodwi ant Janrabèl ak Pòdpè.

Share:

Leave a reply