Karitas Dyosèz Pòdpè òganize yon seminè fòmasyon nan pawas Notre Dame de la Paix 3èm seksyon Dègranj.

1,386

12-17-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Responsab Karitas Dyosèz Pòdepè yo reyalize yon jounen fòmasyon nan pawas Notre Dame de la Paix, 3èm seksyon Dègranj jodi samdi 17 desanm 2022 a.

Yon seminè fòmasyon ki òganize nan objektif pou ranfòse enstitisyon an nan pawas la. Agwonòm Ceran ki tap pran lapawòl, te defini mo “Karitas” la ki jwen orijin li nan lang laten an ki vle di renmen, charite ak tèt ansanm. Se yon mo ki gen pou wè avèk istwa bon Samariten an nan labib.

Patisipan yo bò kote pa yo, deklare key o pral travay nan branch pawasyal la pou reflechi sou aksyon konkrè yo pral fè ansanm, yon fason pou bay enstitisyon an vrè sans li. Se konsa, yon komite karitas pawasyal arive pran nesans yon mannyè pou jere aktivite Karitas yo nan pawas la.

Konsa, yo profite denonse endividi mal entansyon ak bandi sangwen ki konplote nan fè tantativ kidnapping sou reveran pè Jonas Gué, madi pase a pandan l tap vizite fanmiy li nan vil Gonayiv.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.