Senlwidinò: Plizyè biwo transfè CAM fèmen pòt yo akoz kriz ekonomik lan, ki lakoz mizè popilasyon an ogmante pi plis.

1,274

10-22-2022

Senlwidinò , Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè biwo transfè CAM nan komin Senlwidinò fèmen pòt yo akoz kriz ekonomi kap soufle nan dènye tan sa yo . “Don de Dieu Multiservices” ki te gen plizyè gichè ak biwo kite konn bay sèvis nan komin nan ,fèmen pòt li depi plizyè semèn.

Yon sitiyasyon ki lakoz se avèk anpil difikilte pou yon moun retire lajan nan santral Digicel la. Selon kèk kliyan TRiboLAND te konsilte nan kad fouye zo nan kalalou. Gen moun ki gen plis pase semèn depi yap mache devan biwo a pou resevwa lajan fanmi yo ak zanmi yo voye pou yo; konsa, jis koulya yo genyen gro difikilte pou resevwa lajan yo.

Kliyan yo pwofite okazyon an pou denonse move tretman yap sibi anba men ajan yo kap resevwa fanmiy ak zanmi yo avan e fè yo pase sou yo ki kite lakay yo depi 3 a 4 trè nan maten pou vin fè liy byen bonè devan biwo a. Pafwa, yo menm kite yo fè tout jounen nan liy nan, se lè yo pral fèmen ou tande pa gen lajan, vini demen.

Se yon veritab kaskèt chinwa pou fanmiy kap voye epi resevwa lajan nan dènye tan sa yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.