Ajan PNH flite yon gro chèf gang ki rele “Gro Lodè” nan Ti Rivyè Latibonit

1,288

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti______(TRiboLAND) Selon enfòmasyon ki soti bò kote Komisè gouvènman “pou ti bout tan” tribinal premye enstans Sen Mak la, Moise Derestin konfime lanmò Witzer Estimable alyas “Gro Lodè” nan zòn Verdure jodi samdi 22 oktòb 2022 a nan Ti Rivyè Latibonit.

“Gro Lodè” ki se yon alye group gang “Gran Grif” nan Savyen, resevwa plizyè katouch nan moman boukantaj kout zam ak lapolis. Chèf gang sangwen an, mache pòs li nan moman reselè li yo tap lanse atak sou komisarya Ti Rivyè Latibonit la, byen bonè nan maten. Konfwontasyon avèk group inite espesyàlize nan lapolis la, okazyone egalman lanmò yon lòt bandi sangwen.

Antouka, sòlòkòtò yon parèy deblozaj arive fèt an fonksyon de yon atak san parèy group gang “Gran Grif” la te efektye kont komisarya Ti Rivyè a, ki lakoz yon moun mouri, plizyè kay piye ak yon latriye moto ke yo vòlè yè vandredi maten 21 oktòb 2022 a.

Comments are closed.