Mesaj Pè Wilky Avril pou Klèje a ak Pèp Bondye a

1,688

Mesaj pou klèje a ak Pèp Bondye a

Gwo bonswa pou nou ki se manm klèje a, a kelkeswa tit, grad, ou ran nou apateni. Gwo bonswa ak Pèp Bondye a ki nan gwo la pèn.

Depi kek jou map swiv sa anpil nan kamarad Pè ak fidel ap di ou  ekri sou  sa kap pase nan legliz la ki avili sou plas piblik. 

Mwen te rezève m le dwa pou m pat pale, paske map pale lontan, e m pa wè ki rezilta pale sa yo bay.

 Tout moun ka sonje paket not mwen te soti kote m te rele tet mwen esklav révolte. 

Men Kom mwen wè jan problèm lan dwe aborde a, se pa sa kap fèt, mwen deside fè yon entèvansyon sou sa. 

Mezanmi koute byen, pou rezoud yon problèm, fok ou ka indantifye l. 

Eske nou sèten ke nou rive indantifye kisa ki problèm legliz la ? 

Yon repons ak kesyon sa ta ka rezime nan yon fraz :

 Legliz la gen pane Bondye. 

Wi nou chache lajan plis pase Bondye. 

Mwen te ka tou rete la, san m pa bezwen di anyen anko. Men anpil moun pap rive konprann sam vle di.

Banm fon ti montre tout sa ti fraz sa ta ka vle di. 

1-  Yon dyosez fè eleksyon pou ranplase Evek Dyosezen li nan koken, dèyè do lalwa. Eleksyon an  pat ratifye e tan Evek la rive pou l ale an retret. Li ale san bri, san kont. 

 Nan kote se legliz kap fèt, kote reyelman se Bondye nan syel la moun yap sèvi, men pa Bondye dola a. Ki sa yo ta dwe fè ? Yo ta dwe plonje nan la priyè. Epi yo ta dwe gade kisa kanon yo di pou jwenn yon solisyon. Paske pa gen Evek nan moman an. 

Kanon genewo bay 2 possibilite pou rezoud yon problèm konsa:

1 Komite ki tap jere legliz la te ka chwazi yon Evek provizyonal ki tap gen pouvwa administratif ak pastoral sou legliz la jou k li rive oganize eleksyon epi pase pouvwa a bay Evek eli a. 

2-  ou byen chwazi yon Evek vizitè

Bon, nan ka pa nou an, responsab kite te la yo chwazi dezyèm possibilite a. 

Daprè nou, pou kisa yo chwazi dezyèm posibilite a ? 

Yap gen full pouvwa nan men yo:

a) pouvwa administratif yo. 

b) pouvwa pastoral yo. ( sa diskitab, se vre) men dim sa w vle, yo transfere, yo depoze Pè, daprè jan lide yo di yo. Finalman nou ka konprann premye posibilite a patap janm bon pou yo, paske yo tap manke chef nan chef yo. Byen ke se li ki tap bon pou legliz. 

Pa poze m kesyon eske pandan 3 zan an, Evek vizitè a te janm vini an Ayiti, se pa nou bouch mwen wap jwenn repons kesyon sa. 

Kounya Ann gade kisa ki ka pase nan yon legliz ki lage nan men yon komite ki gen 3 Pè, (Mwen di sa, paske Layik yo ki nan komite a pa vo pip tabak) san akonpanyeman yon Evek. 

Repons nou ka bay ak kesyon sa ka anpil, paske nou tout wè ak 2 nawè nou kisa k pase deja nan 3 zan. 

Nan moman Evek la tap pati an retret la, klèje a te divize an 2 group Pè 

 1- G 24: group kap batay pou redrese bak legliz la. 

2- G Holly, group kap jere pouvwa a, epi ki te kwè, legliz la pa gen okenn problèm nan moman an. Nan epok sa, menm mo divizyon an yo pat anko vle aksepte. 

Pyiske te gen 2 group nan klèje a, or pa gen Evek, kisa yon bon lidè kap chache la pè te ka fè?

Forme yon komite Pemanan nan yon antant ak 2 group yo. Kote ni moun ki nan pouvwa, ni moun ki pa nan pouvwa tap met tèt yo ansanm pou yo jere legliz yo. Epi pran vwa developman espirityel ak sosyal. 

G Holly di non, nou gen majorité nou nan man nou. Nou pran legliz la pou 150 tan. Bann ti mesye dame G24 krazèd legliz sa yo, yo met al chache legliz pa yo. Son paket frè separe. Si yo vle vin nan CP, se pou yo vin nan eleksyon. Antretan yo menm, yo gon majorité Pè ak fidel kap vote pou yo, paske pawas ki gen plis misyon nan dyosez la nan men yo, san konte yon latriye Dyak ki gen yon sel misyon, vin vote nan sinod. E sa ki fè si  ou swiv byen, menm si legliz ap kraze, sa pa koza yo, se pou eleksyon yo te pran yo.

Eske w konprann sak rive la finalman zanmi kamarad ? 

1- Yo pa vle Evek nan mitan yo. 

2- yo pa vle moun ki pa yo menm nan mitan yo. 

Pa mande m pou kisa yo pa vle, yo gran timoun, yo travèse la ri pou kont yo, yo ka reponn. Epi ou menm kap li not sa ? Ou pa konprann ? 

Nan yon legliz kap jere par 3 Pè, ki apateni ak yon sel klan, san prezans yon Evek, kisa w ka atann ou de bon ? 

Mwen wè tout moun ap fè tet yo pase pou “donneur de leçon ” nou pat wè sa tap rive la ? 

Kounya nou gentan bliye ke premye prezidan an te tonbe nan yon eskandal nan la près kote radyo tap di grenn li nan la ri ? Ki anket kite mennen pou detèmine verite ou mansonj nan kesyon an ? Eske legliz la atravè Pè yo, fidel yo te reklame sa ? Li gen dwa pat koupab, men fok sa te eklèsi.  Son bagay grav wi li te ye.

Ebyen yo se met legliz yo, pèson pa ka di yo anyen.  Men lè yo lage l nan djouboum, pa di nou pap konnen. 

Ti mesye dam CP yo te pete goumen antre yo, youn ap akize lot nan mitan yo, malgre yo nan menm klan an, ki sa k te pase ? Yo fin goumen reg yo, epi yo jere pouvwa yo pou la plus belle… 

Yap mache jere legliz la an patizan, bay avantaj ak moun pa, meprize lot koleg, kisa yo te konn di yo ? 

Yo depoze, transfere, kisa yo te konn di yo ? 

Mwen panse jodia pa yon bon jou pou nap fè deba sa yo ke m angaje la, men si nou pa sonje kote nou soti, koman nap fè konnen kote nou prale ? 

Bon, banm ban nou yon senp ekzanp de konplisite nou. 

Yo kenbe Pè Frantz Col an garde à vue, men m jou a not soti pou di yo te dechaje l de tout responsabilite li, epi yo pap ka peye avoka pou li. 

Yon lot kote, la jistis ap chache Pè Desire ke yo di ki an kaval, kote not ki kondane refi Pè Desire pou l kolabore ak la jistis ? 

Kote not ki di yo dechaje l de responsabilite li yo annatandan limyè fèt sou kesyon an ? 

Ann pa fè legliz la sa mezanmi. Fè legliz mal, se fè tèt nou  fè mal. Paske legliz se nou, nou se legliz.

Kote legliz ap fèt pa ka gen moun pa, pa ka gen patizan, nou tout se frè, nou tout se sè. Al li “examen de l’ordinand” nan paj 411 LPC a n’a banm rezon. 

Nou  pa ka wè  gouvènans legliz la menm jan, men nou se frè. Nou dwe subi menm pèn si nou fè menm betiz, konsa nou dwe jwenn menm asistans si nou gen menm nesesite. 

Anpil Pè kounya ap mande tet ansanm, koman met tet ansanm sa ap fèt la menm ? 

Mache al fè avoka San papye pou nou pou n fin jere kriz nou epi kite nou nan tet legliz la pou nou kontinye fè moun pran wont ak desepsyon ?

 Eske se sa nou rele tet ansanm lan ? 

Nou bezwen fè tet ansanm, pandan nap fè fidel yo konnen de G24 ki mete legliz la nan sal ye ? Kisa G24 tap jere ak nou ? Eske se G24 kite kenbe kontenè nou ladwanne ? Ann imajine ke G24 tap fè fo  koze sou nou, kisa DCPJ vin fè nan kesyon an ?  Mwen panse li lè pou n suspann vye akizasyon sa yo. Chak moun dwe reponn pou zak yo fè, san l pa bezwen yon bouk emisè. Se plis konfizyon nap mete nan legliz la. 

Pou pep Bondye a ki lage nan gwo soufrans, map ankoiraje nou nou rete nan la priyè. Mwen sèten ke preske pa gen kouraj anko pou n la priyè, paske dezolasyon, stigmatizayon, ak desepsyon fin ak nou. Men pa bliye, si nou suspann priye, sa ap pi mal. Epi frè m ak sem yo, menm si nou ta wè kek Pè pa konsidere tet yo Kom pechè, pa tonbe nan pyèj sa. Nou tout nou se pechè. Se effort nap fè poun rive fè volonté Bondye. Si Pè yo te konn kite fidel yo jwe vrè wol pa yo nan legliz la, nou pap tap tonbe nan sa nou ye la jodia. Nou menm fidel yo, Ann jwe wol pa nou an. Lè yo delege nan sinod, Pè pa gen pou yo di nou kijan pou nou vote, se pa dwa yo. Yo pa gen pou yo ofri nou djob pou yo fè nou vote, ou byen promet nou yap mete nou nan seminè, sa rele koripsyon… Pou legliz la chanje, fok Pè fè sa yo bal fè. Fok fidel gen libète pou yo pran bon jan desizyon ki nan limit pouvwa pa yo. 

Pou n vini, map kontinye mande komite ki la reyalize ke sitiyasyon ki la depase l. Trop skandal. 

Se vre yo pat janm bezwen lot moun bo kote yo. Men se moman pou yo reyalize :

1- Fok gen yon Evek provizyonal nan mitan yo pou remet legliz sou ray.

2- Fok gen yon komite Pemanan tou nef, kap travay pou remete moun an konfyans. Mwen pa entèrese pou m patisipe nan yon komite konsa. Nou pa bezwen gentan fache kont mwen.

Nou ka santi nou anbarase pou n fè sa. Paske nou se chef. Men moman an pa aproriye tande chef yo. 

Kounya sou rezo sosyo yo, se petisyon wi kek moun ki pa renmen legliz la ap mande moun siyen pou ta fè fèmen pot legliz la. Ala wont ! Nap kite sa rive la ? 

Kote lanmou nou konn di nou gen pou legliz la ? Si se pa pou poch nou ak fanmi nou nap travay, fè ti sakrifis sa non pou legliz la. Oh ! kisa map di la, pou tet nou, paske se nou ki legliz e legliz se nou. 

Nan jan sa pase la ? Li pa ta ka lot jan. Depi ou wè bonè tet paw pandan w neglije bonè lot moun, wap fini par tonbe. Paske Kris mande pou nou tout ansanm. 

Viv legliz episkopal dayiti. 

Viv linite 

Pè Wilky Avril, kire Pawas Les Saints Innocents nan vil Podpe.

Comments are closed.