Nòdwès: Bilan PNH pou ane 2020 an

221

01/06/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, jounen mèkredi 6 janvye 2021 an, lapolis nan depatman Nòdwès la prezante bilan l soti 1e janvye 2020 pou rive 31 desanm 2020 pase a.

Selon pòtpawòl polis Nòdwès la, Enspektè Joseph Léonel, Lapolis rive arete 1685 endividi. 1212 nan yo jwenn arestasyon yo sou manda e lòt 473 se an flagran deli; sou 6318 entèvansyon polisye UDMO ak BLTS te efektwe atravè depatmantal Nòdwès la. Enspektè Joseph Léonel rapousuiv pou di pami 1685 endividi sa yo, genyen 39 gwo chèf gang ki jwenn arestasyon yo epi remèt yo bay otorite la jistis pou swit legal.

Enspektè a fè konnen tou lapolis démantelé yon rezo kidnapè kote gen youn pami yo jwenn arestasyon l. 15 zam sezi pami yo genyen yon zàm kreyòl. Otorite lapolis yo onivo Nòdwès rive sezi tou 227.474 kg marigwana. Pòtpawòl la, Joseph Léonel, pale tou de yon trentèn kadav yo dekouvri 27 ladan yo mouri ak kout zàm, manchèt, ponya ak baton.

Fòk nou sinyale enfraksyon ki pi repete, pandan lane 2020 an nan depatman Nòdwès la se : 424 vwadfè senp, 245 vòl 101 asosyasyon malfetè, 89 tantativ asasina.

Pou n fini, lapolis onivo Nòdwès lanse avidrechèch dèyè 6 gwo bandi notwa atravè divès komin depatman nòdwès la. Genyen pami yo ki nan komin Janrabel, Pòdpè, Sen Lwi Dinò, Chansòl ak Basen Ble pou nou site sa yo sèlman.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.