Bandi sangwen Ti Bwadòm yo retounen: yo ta kidnape yon otobis ak yon trantèn pasajè

1,558

10-22-2022

Gromòn, Ayiti______(TRiboLAND) Ta sanble se sèlman pouse fòs lòd yo te pouse do bandi sangwen Ti Bwadòm yo, nan dènye operasyon nan zòn Ti Bwadòm yo ki te bay popilasyon an yon ti souf ak malfwà sangwen yo ki koulya retounen ap opere san tèt chaje nan yon parèy zòn ki ta sanble rele yo chèmèt chèmètrès.

Antouka, byen konte mal kalkile! Bandi sangwen arive kidnape yon otobis ki pote non “La Génèse” ki tap sòti Pòdpè pou antre Pòtoprens jodi samdi 22 oktòb 2022 a.

Bandi yo ki genyen kontròl zòn Ti Bwàdòm ki lokalize ant komin Basen Ble ak Gromòn, fè dap piyanp sou apeprè 30 pasajè. Ravisè yo reklame 500 mil goud pou chak tèt kidnape an echanj pou libète yo.

(Yon lot vesyon – mizajou 10-22-2022)

Comments are closed.