Protestatè an kòlè dechèpiye yon bon valè machandiz nan magazen Valerio Canez nan Okap

117

10-03-2022

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro sòlòkòtò popilè foule yon lòt fwa ankò beton an nan Kap Ayisyen, dezyèm vil peyia jodi lendi 3 oktòb 2022 a.

Tankou jan sa te anonse atravè peyi a, yon kantite moun ki difisil pou kalkile pran lari ak drapo Larisi pou te denonse sitiyasyon ensekirite jeneralize sou lavi moun anba gouvènman sangwen Ariel Henry a ki pa sispan ap alimante yon gè sivil anndan peyi,

Doleyans manifestan yo te plis chita sou ratman ak pri gaz la ki moute tèt nèg sou mache a e mande san kondisyon demisyon Premye minis Ariel Henry.

Manifestan yo te tèlman sou bennzeng yo, yo te arive sakaje nan ri 13-14A magazen Valerio Canez. Yo piye ou fè va sou yon pakèt elektro menajè ekipman. Se gras ak entèvansyon lapolis ki te oblije limite dega yo nan zak dechèpiye a. Se pa premye fwa magazen Valerio Canez ap pran fwa ak sekous van manifestasyon popilè.

Comments are closed.