Efondreman total Ayiti: yon Leta san gouvènay, san minimòm administrasyon, e piyaj nan tout kwen

474

05/17/2021

Editoryàl

(TRiboLAND) Nèg lakay di: “sòt ki bay enbesil ki pa bay”, yon parèy idyomatik ekspwesyon trè evidan, sitou nan kontèks “nich kriz” kap bwase bil peyi Dayiti ki ap trepase anba zye yon bon kantite otodestriktif sitwayen dirijan ou sèvitè piblik ki soufwi malnitrisyon nan nivo edikasyon.

Youn nan pi gwo pwoblèm lakay, “nenpòt moun kafè tout bagay”. San nou pa vle trò prejuje, menm sila ki devlope yon talan mizikal esepsyonèl panse ke li kapab jwe wòl avoka e refize abonde nan yon karyè adekwàt ki egzije yon fòmasyon an dwà. Avèk yon seri konsepsyon erone e rabougri, yo pran nenpòt resous imèn e yo plase nenpòt ki kote nan non zanmitay ak patizàn odtriman nasyon an. Tout sa yo denonse yon nivo konpweansyon enkilt; an konsekans, ou finalman fè fas ak kòripsyon, masiv engouvènabilite, efondreman ekonomik ki se yon rezilta enkonpetans.

Malerezman, nan majorite peyi atravè monn lan, moun ki responsab e ki genyen yon fòmasyon adekwàt pa kapab afiche jan vilnerabilite sa yo nan yon monn modèn ki egzije yon minimòn nosyon nan “gouvènabilite ki djanm”. Wi se sòt ki bay e se enbesil ki pa pran”. Gade ki kalite lidè ke nou arive kreye nan peyi a! Se pwèske tout monuman: pentàd, rat pa kaka, koko rat, vandè mikwo, bidonvilize, tibèkule entèlèktyèl, e politisyen ki tou senpleman bezwen fè 2 ou 3 chanm kay oblije mobilize nan grèv yon group moun swa anndan onbyen deyò yon bwàt leta. Konsa, fas ak yon sistèm ki chanpyon nan koripsyon kwonik, fòse tout moun ki antre ladan’l ap fè bè avèk piyaj. Ou menm jwen etranje kap pwofite gato a tou ki rete krazyày sèlman.

Se povwete entèlèktyèl ki fè anpil sitwayen ansanm ak dirijan ayisyen chwazi dekouraje Diaspora Ayisyèn nan nan plizyè nivo. Kòmanse sou piyaj ke yo fè sou li nan kòb transfè pou Fon edikasyon, jiska deposesyon tè ak kay ke yo fè lakay. Objektif la, se fè yo leve kouri pou yo kapab akapare byen malere sa yo avèk konplisite yon lòt sètè ki ta dwe responsalize jistis men ki ap patoje nan salte ak kòripsyon fonsyè.

Li pa fèt konsa, nan peyi ki pwivilejye yon politik edikasyon. Li se yon obligasyon pou nenpòt ki moun pa pran chans pote tè ou nan zafè piblik yon peyi san yon fòmasyon adekwàt! Se konsa, anpil etranje pwofite nivo edikasyon lidè nou chwazi yo e pwofite de nudite entèlèktyèl sa, povwete onivo jijman ak reflèks kognitiv pou yo fè bè e menm arive enpoze tèt yo an “Core Groupe” pou domine echikye politik lakay. Ajoute a sa, yo achte nou e pran nou pou rizib ke yo kapab ede nan fè lobby nan Wachennton. San nou pa menm bezwen mansyone kantite avantaj lidè depaman (bèbè) fasilite etranje nan depatcha tè ak resous peyi a pou fasilite destriksyon pwodwi lokal yo ak likidasyon tè san senkòb, alòske petit peyi ap patoje nan mizè nwa!

Ann gade ki sa zòt ki ta sanble genyen yon “reflèks avèti” nan demontre fason moun dirije peyi. Anpil peyi wè pa yo sou Ayiti. Ankò, “Se sòt ki bay enbesil ki pa pran”! Avèk strateji nan nivo tretman ak avantaj ke yo ofwi yon seri moun ki bezwen fè biznis ak pran retèt, yo anfale e retire yon katafal avantaj nan gòj peyi Dayiti. Nou te sezi wè ki volim sitwayen ayisyen ki vwayaje soti nan peyi Etazini e antre nan repiblik dominikèn swa kòm touris, swa pou envestisman oubyen pou retrèt. Konsa, ou ka wè se yon leta panyòl ki pap jwe ak Ayiti. Li genyen vizyon e li pwoaktif nan sezi opòtinite bab e moustach. Se yon pèt kolosal ki deja mete Ayiti ajenou kote ke li pap janm genyen opòtinite pou leve kanpe ankò. Volim lajan ke ayisyen enjekte nan pouvwa panyòl la nan jou sa yo se bagay ki bay vètij. Konsa, gouvènman dominiken an pa sispan envesti nan imobilyè. Konbyen santèn chantye pou konstriksyon apatman plase pami pi gwo pwiyorite gouvènman Abinader a.

Yon lòt sezisman ankò, se trik sistematik ke peyi panyòl la itilize pou antre plis lajan ayisyen yo nan fon leta. Ta sanble, li fè li onon de kòripsyon. Li klè jounen jodia, se pa 2 kòwonpi Petwo Karaibe kap eseye lave yon parèy lajan nan peyi repiblik dominikèn. Nou temwen de tout yon gwoup manm enpozan PHTK ki pwofite ap achte kay e envesti nan repiblik dominikèn. Konsa, anpil kritik rete kwè ke, Abinader ta sanble ap pwofite de estati “jwif eran” kòwonpi antite sa yo pou ranje asyèt bidjetè lakay li. Ou envesti se vre, men si ou te envòl nan krim finasyè nan peyi Dayiti ou byen ou komèt nenpòt ti vyolasyon nan peyi yo, ou tou la! Yo ta sanble yap kreye yon kondisyon ki pou fè yo depòte’w san anyen; konsa, tout sa ki rete dèyè, rete pou leta. Ou pèdi sak, ou pèdi grab!

Anpil moun kap vòltije kite peyi Dayiti pou pwezève richès ke yo fè nan souse peyi a, ap fè jwèt timoun. Konsa, majorite lajan ke ou tante lave lòt kote ap genyen pou kesyone e menm akapare kòm byen peyi a, si tout fwa ou te nan krim finansyè. Se sèten, Sonson Lafamilia kite tout sa li te posede lòt bò fontyè; kidonk, tout byen sa yo rete pou leta ki ta sanble pi entelijan ke sa nou genyen la lakay.

Jis kilè nap arive konpran kòman monn lan fonksyone. Li mande vizyon, edikasyon, taktik ak devlopman imen nan tout domèn. Yo pran nou kòm tòtòt, paske nou pa ranje chita nou. Kade kòman yon peyi kap neye, efondre, tòchone e menm detripe, alòske pi gwo peyi avanse yo deklare ke yo se zanmi nou! Sa se idyosi! Yo pran nou pou bèbè! Yo fè nou pran yon seri desizyon, e lè nou echwe se nou menm yon blame mete li! Sepandan, kapasite kognitiv ap pouvwa refleksyon ou kreyativite eta sa yo pa osi pi jenyàl ke sa nou kenyen kòm asèt entèlèktyèl lakay. Dayè, nan tan pase, anpil eta etranje te toujou koutize edikatè ayisyen yo; itilize yo kòm mèyè pwototip ou enstriman pou delivwe yon aprantisaj ki solid!

Comments are closed.