Moun Site Christophe fwape pye yo atè : popilasyon leve kanpe kont mizè ak asistans krèn diri etranje

04/27/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè katye nan Okap, leve kanpe lendi 27 avril 2026 la pou denonse move kondisyon lavi yo ap sibi pandan peryòd move tan an. Nan mitan zòn ki mobilize yo gen Vètyè, Chanpen, Site Chovèl pou n site sa yo sèlman. Sitwayen yo di yo bouke viv nan dlo, labou ak neglijans, pandan chak lapli vin agrave sitiyasyon yo.
Mouvman sa a vini tou apre ensidan kote popilasyon an te kouri dèyè Minis Afè Sosyal la, Marc Elie Nelson, yo akize li dèske li te vin distribye ti kit asistans pwatrinè ke yo konsidere kòm yon betiz. Dapre manifestan yo, kèk gode diri ak lòt ti pwovizyon pa ka reponn ak bezwen reyèl yo antan ke moun, sitou nan moman kote dlo anvayi kay yo epi lavi yo vin pi difisil chak jou.
Nan kolè yo, sitwayen yo voye yon mesaj klè bay gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a, yo mande aksyon konkrè ak dirab. Depi nan zòn Baryè Boutèy pou desann sou wout la, manifestan yo bloke sikilasyon epi mete kawotchou nan dife. Pou yo, sa yo bezwen se netwayaj, enfrastrikti, travay ak respè pou dinyite yo, olye asistans ti manman cheri ak ti doudou pete; yon seri mannèv mètdam tradisyonèl ki pa janm pote chanjman reyèl.
“Nou grangou, men nou pa saf”, se deklarasyon youn nan pwotestatè yo ki tap kase mete nan men gouvènman fas ak yon pwatik distribisyon manje pòv pou kontinye kenbe pèp ayisyen an nan plis povwete absoli.






