Me ki sa TRiboLAND konnen sou yon seri gwo tonton kesyon jounalis Yvenert Foesther tap poze chaje dafè Etazini an sou wòl lap jwe nan peyi Dayiti

9,062

-Jounalis senyò, Yvenert Foesther kwense san filtè chaje dafè Etazini an nan peyi Dayiti, Eric Stromayer ak yon seri gwo kesyon ki dezabiye jwèt Etazini anndan peyi Dayiti.

-Nan yon chita tande, Foesther deklare bay Stromayer ke li pa kapab konpwann ki sa Etazini ap defann nan Ayiti, ki fè li pa vle ni Lachinn ak Larisi antre vini ede Ayiti soti nan labou.

-Etazini ap pran masivman jènn nan peyi Dayiti, pou ale nan pwogram Biden.

-Selon sa yo di: se Etazini ki genyen kontwòl petwòl Ayiti.

-Etazini konpòte li tankou se yo ki mèt Ayiti.

-Jodi a, nou tout klè ke Polis Nasyonal la, Lame Dayiti ak ayisyen, si yo jwen 200 milyon ke Nasyon Zini ap mobilize a, yon kapab mete sekirite pou kò yo nan peyi Dayiti, daprè sa mesye Foesther deklare bay mesye Stromayer.

-Foesther deklare ke li pa kapab konpwann pou se jous nan peyi Kenya pou reselè entènasyonal yo al chèche solisyon ensekirite a nan peyi Dayiti.

-Foesther mande Stromayer pou ede’l konprann, ki sa ki fè ameriken renmen Ayiti konsa?

-Foesther mande diplomat Eric Stromayer, pou ki sa y’ap pwone yon solisyon ayisyèn nan kriz la, alòske peyi Etazini mete anbago zam sou Ayiti; pou ki sa zam ke yo sezi nan men bandi sangwen yo pa dwo itilize nan peyi Dayiti?

-Angwo ki sa peyi Etazini vle fè egzakteman ak Ayiti?

Comments are closed.