6 lòt manm gang reselè asasine aprè lòt sitwàyen dekapite chèf gang notwà, Eric Prospère nan Nòdwès

134

10-03-2022

Obè, Pòdpè____(TRiboLAND) Aprè yon group rezidan nan zòn Madlon fin egzekite gro tonton chèf gang Eric ki tap teworize popilasyon an nan Lakwa Sen Jozèf, nan depatman Nòdwès la, yo deja touye ou egzekite 4 antènn ak manman fanm chèf gang Eric Prospère ki dekapite yèswa ki te 2 oktòb 2022 a.

Antouka, zak reprezay ou chase move sangwen yo pa sispan jounen jodi a. Selon yon sous san grate tèt, TRiboLAND kapab konfime dekapitasyon yon lòt antènn Eric ki pote non Lemoine. Mesye te toujou ap fè souflantchou pou chèf li Eric. Yo jwen Lemoine nan zòn Obè, yon lokalite ki te sèvi baz rezidansyèl ansyen prezidan Jovenel Moise.

Agresè yo , yon lòt fwa ankò dekapite talè a Lemoine san oken fòm prose. Se fè senk moun ki arive mouri nan lachas kap fèt dèyè bandi sangwen Eric yo nan Nòdwès peyi a.

Nap raple, ekip bandi ki te anfas Eric yo, deside pou kraze ou depatcha tout zam ke yo te genyen pou troke kòn ak group gang kriminèl la. Yo deklare ke yo te rantre nan lojik bandi a se senpleman pou yo te defann tèt yo e konbat Eric Prospère ki tap fè yo moute syèl pado.

Nou pa ka bliye pou nou pa raple ou ke Eric nan yon premye tan, tap viv Naso Bahamas. Osito li te depòte, se yon ansye senatè Nòdwès ki te kouri al pran li nan ayewopò e asiste li kon kòkòt ak figaro. Ta sanble te genyen anpil rimè ki te vle fè kwè ke kriminèl la tap fè djòb sal pou senatè repiblik la.

Soti yèswà pou rive aswè a, deja genyen pou pipiti 7 manm gang ak reselè ki tonbe nan Nòdwès. Eric bwile kay, touye, rache e mete dlo nan je yon latriye fanmiy nan divès lokalite tankou: Senlwidinò, Gaspa, Pandi, bò Gwomòn, Pòdpè ak Lakwa Sen Jozèf. Sa se Kama!

Comments are closed.