Lakwa antre lakay UDMO ankò!

360

12/19/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Lakwa antre nan pa pòt Unité Départementale de Maintien de l’Ordre  (UDMO) jodi samdi 19 desanm 2020 an nan kapital la. Endividi ame ki ta sanble asosye ak yon group gang sangwen ki nan Simon-Pele, katye popilè komin Delma ak Site Solèy krible anba bal polisye Alain Boyard ki gen ti non afektif li “Pouchon”.

Mesye Boyard ki te fè pati 18 èm promosyon Polis Nasyonal la; te afekte nan UDMO; li te prensipal tagèt de yon atak gang sangwen ame nan Delma 19 ki pa sispand mete dlo nan sosyete ayisyèn nan e bay polis nasyonal la defi depi plizyè lane.

Ke lanmo Pouchon pa pou granmesi! Ke espri li toumante bandi yo e libere Ayiti!

Comments are closed.