Nou mele pi rèd! Direksyon Administrasyon Jeneral Dwann lan deside transfere direktris dwann Pòdpè a ki reyèlman ap santre bas trafik zam nan Nòdwès peyia.

2,577

Pòdpè, Ayiti_______(TRiboLAND) Pou nou repete aprè direktris dwann Pòdpè a, nan yon nòt vèbal ki ta fè moun sispèk, nouvo Direksyon Administrasyon Jeneral Dwann nan deside transfere Nadège Rébecca Etiè nne, direktris depatmantal dwann Pòdpè a nan Pòtoprens.

Ki yes moun ki genyen enterè fè chanjman nan yon ekip kap bay rezilta? Trè souvan politik sal ak kòripsyon anndan peyi Dayiti toujou karakterize nan fòma sa ki pa lòt bagay: deplase moun ki onèt e ki pa pè afiche patriotism yo nan yon seri responsablite sivik. Konsa, se sèten, madanm Etienne fè peche lè li anpeche biznis san sal yo mache. Briskeman, yo reproche l pou yo di ke li preske pa rete nan pòs li e li plis chita Sen Domeng (gade video a).

Li pa yon mistè pou pèsònn moun ke direktris ladwann Pòdpè a, nan yon entèval 2 mwa sèlman nan djòb la ap byen pase; li deja santre bas gro bawon trafikan zam yo nan site Kapwà Lamò a. Deplase yon fanm vayan parèy ki detèmine pou bay rezilta, se yon zak kriminèl ki tradwi bluff ki pa mache ak chanjman woule m debò nouvo Direksyon Administrasyon Jeneral Dwann ap klewonnen an. Se yon jwèt kòde isi e dekòde lòt bò!

Yon moun kapab espere wè, ranplasan direktris dwann Pòdpè a pral asureman yon voyou robo fasilitatè ke yo pral depoze ki pou vinn soulaje trafikan zam yo ki nan enpas e ki nan danse kole ak trafikan zam ki nan tèt peyia.

Petèt, pèfòmans direktris la parèt enpresyonan ke nouvo direktè jeneral administrasyon dwann lan panse ke li ka arive pran plas li kòm direktris jeneral.

Nap raple, ansyen direktè jeneral administrasyon dwann nan ki se Romel Bell te dezète aprè ke gouvènman ameriken te idantifye li kòm gro trafikan zam anndan peyi Dayiti. Konsa, nouvo direktè jeneral administrasyon dwann lan tap travay nan tèt kole avèk Bell. Tout sa vle di anpil bagay!

Comments are closed.