DCPJ ap chèche kou chen fou 3 gwo zotobre legliz Episkopal peyi Dayiti.

832

Fritz Désiré, Jean Mardoché Val ak Vundla Sikhumbuzo, se non 3 gwo zotobre DCPJ ap chèche akoz yo ta enplike nan trafik ilegal zam nan peyi Dayiti.

04-09-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon Santral Polis Jidisyè a ki lokalize nan Pòtoprens, lanse jounen dimanch 9 avril 2023 a, 3 avi kote yo fè konnen yap chèche ak balèn 3 gwo palto nan legliz Episkopal nan peyi Dayiti.

otorite yo lage lago lago tisangle dèyè gwo palto sa yo ki se: Fritz Désiré, Jean Mardoché Val, ak Vundla Sikhumbuzo ki enplike ra gagann nan fè rantre zam ilegal, vann zam, fwòd fiskal, kontrebann, blanchiman lajan, nan peyi Dayiti, poun site sa yo sèlman.

Nap raple’w, nan kad dosye sila, yo deja tande epi mare kon krab plizyè gwo palto nan legliz Episkopal sila, yon enstitisyon relijyez ki ta sanble mete dlo nan je yon latriye inosan nan popilasyon ayisyèn nan.

Comments are closed.