DCPJ mare kou krab 3 atoufè nan kad dosye tanspòtasyon zam ilegal nan Dwàn Pòtoprens lan.

848

06-16-2023

Pòtoprens,Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon Siperyè Polis Jidisyè nan kapital peyi Dayiti, mare kou krab, 3 gwo koure nan kad eskandal zam ilegal ajan dwanye yo te jwenn nan yon konntenè nan Dwàn Pòtoprens lan.

3 gwo koure sa yo se, Sebonnet Michel, Wilbens Georges ak Guerisma Odoine.

Nouvèl yo rapòte, aprè ajan DCPJ yo te fin odisyone 3 annafè sa yo, genyen 3 lòt gwo koure ankò lapolis ap chèche tankou chen fou, pami yo, yon pastè kap viv nan peyi Etazini patikilyèman nan Floride.

Comments are closed.