Jan Rabèl / Nòdwès : Chofè taksi yo leve kanpe kont pri gaz la ki tèt nèg

1,735

Vandredi 15 jiyè 2022

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Divès chofè taksi nan Komin Jan Rabèl pale nan mikwo Laprès pou fè pase fwoustrasyon yo pou difikilte ki gen pou yo fè gaz, anplis gaz la chè depi nan ponp.

Daprè sa chofè yo di, gaz la vann nan ponp Nasyonal la 500 Goud pandan li ta dwe vann plis pase 300 goud. Mesye yo fè konnen ponp Nasyonal la se kou yo ak lalwèt yo lap koupe. Atè menm gaz la pase de 600, 700 goud a 850 a 1 000 Goud.

Daprè chofè yo, malgre gaz la chè nan ponp yo, yap pran-l kanmenm, men moun ponp yo se lè yo vle yo vann, pandan machann kap vann atè yo pa janm gen rate gaz.

Comments are closed.