Nòdwès : Propriyetè bato “Miss Lily” ki te jwen arestasyon li nan trafik zam ak minisyon gentan jwen liberasyon li

2,187

07-06-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) jonas Georges ki se propriyetè Bato “Miss Lily” ki te jwen arestasyon li yè madi 5 jiyè a pou enplikasyon trafik zam ak gro kagezon minisyon (120 mil katouch) ki te soti nan peyi Etazini pou antre nan peyi Dayiti, jwen liberasyon li aprè ke li te pase yon nwit nan gadavi.

Selon kèk detay ki rive jwen TRiboLAND, amatè Jonas ki se yon ansyen polisye demisyone ta sanble jwen liberasyon provizwaman, pandan ke envèstigasyon otorite yo ap rapouswiv.  

Yon parèy dosye ta sanble pa ekate enplikasyon yon pakèt gro chabwàk. Kèk sous fè eta de yon seri jwèt trese lèl ak mèt dam kap miltipliye, yon fason pou plizyè antite profite fè “deal lajan” anba anba ak yon parèy dosye ke popilasyon an ap swiv ak anpil atansyon.

Se konsa, anpil gro dosye toujou fè echèk nan depatman Nòdwès la, akoz vilnerabilite Lajistis la ki kòwonpi depi konbyen deseni san konte fyèv kòripsyon bò kote diferan antite ki pa sispan bay tout kalite krim tete nan depatman an.

Nap raple, ansyen depite Jean Mary Forestal se avoka defansè kap ede amatè Jonas pare kou.

Comments are closed.