PNH mete men sou koutye Gina Jean Louis Rolls

2,519

07-16-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Direction Centrale de la Police Judiciare (DCPJ) tap chèche Gina Jean Louis Rolls tankou chyen fou akoz prezime enplikasyon li nan enpòte cagezon zam ak minisyon nan pò Pòtoprens lan swit ak yon gro sezi otorite yo fè semèn sila; konsa, jounen vandredi 15 jiyè 2022 a, fòs sekirite yo arive mete lapat sou akize a.

Nan kontenè yo ki genyen pou wè avèk Gina Jean Louis, te genyen anpil dezagreman lanmò tankou: 140 chajè zam pou kalbi varye, 14,600 katouch avèk plis pase 20 fizi e 19 nan yo se daso. Antouka, presume koupab la antan ki se yon “broker” (koutye) te genyen responsablite pou dedwane kontenè yo.

Madanm Jean Louis Rolls voye jete tout akizasyon ki fè kwè ke li ta nan trafik zam ak minisyon anndan peyi a. Li deklare ke li pat okouran materyèl sa yo.

Comments are closed.