Asenisman : yon gwoup jèn òganize netwaye vil Senlwidinò nan okazyon fèt “Notre Dame de la Paix”

1,331

07-09-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwoup jèn ki byen striktire nan komin Senlwidinò, an konplisite ak yon makòn lòt sitwayen inisye yon gro aktivite netwayelari patikilyèman nan Degranj. Objektif yon parèy sòlòkòtò antre nan kad prepare sen patwon kominote Degranj lan ki se “Notre Dame de la Paix”.

Fidèl “Notre Dame de la Paix” yo rete kwè selebrasyon fèt la pou jounen samdi 9 jiye a, te dwe reyisi nan yon anviwonman ki pwòp. Se nan sans sa, divès kouch nan rejyon an tankou jenn fanm ak gason san konte lòt sitwayen responsab deside antame yon aktivite netwayàj ou asenisman yon fason pou simaye yon lòsyè frechè nan Degranj, men tou pou rele chalbarik dèyè iresponsab kap lage fatra pasi pala.

Antouka, jounen vandredi 8 jiyè 2022 an, te yon gro reyisit; yon moman konsyantizasyon ak konbit ki projte jounen jodi 9 jiyè a ki se fèt patronal Degranj, yon lòt imaj de tout sa ke lajenès genyen kòm valè ak pozitivite.

Comments are closed.