Laprès nan Senlwidinò ap kriye pou disparisyon jounalis Jean Claude Pierre Louis

1,267

07-10-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Fineray jounalis kiltirèl, Jean Claude Pierre Louis alyas “Mon Wà”, chante jodi dimanch 10 jiyè 2022 a, nan legliz Batis El shaddaï, sou Fò nan komin Senlwidinò.

Mon Wa, te travay kòm jounalis nan plizyè estasyon radyo nan komin Senlwidinò, notamman nan : Sansasyon, Antèn 95, Tòti FM, Radyo Kreyòl, pou n site sa yo sèlman. “Mon Wa” se te ansyen direktè Lamèri ak anplwaye eta sivil nan komin Senlwidinò.

Disparisyon Pierre Louis kite dèyè yon “vwà”, yon eritaj, e yon epòk ke komin Senlwidinò ap genyen difikilte pou lage nan poubèl listwà. Non “Mon Wà” ki se san oken dout yon “Wà mikwo”, pase de prezantasyon. Li te yon animatè konsome eki te trè enteresan e ekoute.

Li te toujou fè moun ap pale de li. Kèlkeswa granmoun kon timoun, tout moun te renmen branche yon sèvo nan nivo “Mon Wà ki te toujou kenbe komin anime. Slogan ke jounalis la te toujou itilize pou chame piblik  atantif li a se te:”Bonjou Ton Mon Wà”, “Frè manman w” oubyen “Frè papa w”. Kondoleyans a tout fanmiy , Laprès, zanmi e fanatik ki plonje nan lapènn ak mare ren!

Ke nanm “Mon Wà” repoze nan lagloua etènèl!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.