Lamontay ap fè gwo faskare ak lamizè, dapwè KASEK Mulâtre Edithe ki mande yon entèvansyon etatik

207

01/31/21

Lamontay, Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Lamontay, 4e Seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès ap fè faskare ak tout kalte pwoblèm tankou: sèvis dlo potab, pwoblèm gratèl, wout, sante, edikasyon, ensekirite, pou nou site sa yo sèlman.

KASEK Seksyon an, madàm Mulâtre Edite, ki t ap idantifye yon vas pwoblèm seksyon l’ap dirije a ap andire tef è yon ti bat bouch ak TRIboLAND jounen dimanch 31 janvye 2021 an deklare:

1) Absans dlo pou popilasyon an bwè.Yon ti sous ki gen nan seksyon an, se ladan l zannimo yo ak bèt yo bwè.

2) Gen yon epidemi gratèl k’ap vale teren anndan seksyon an depi plizyè mwa. Gratèl sa a, ki pa epanye gramoun ak timoun, jiska prezan poko detekte malgre rele amwey KASEK la lanse bòkote Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), ki pa mande yo ki sa yo pote pou vann.

3) Pou tout ka malady, se kouri Janrabèl pou jwen yon ti miyèt pwemye swen medikal. Si ta gen yon sant sante nan kanton an, li egziste de non e se sa ki lakoz epidemi gratèl saa achte seksyon an lajan kontan.

4) Wout ki se premye devlopman nan yon kominote, pa egziste nan zòn sila ditou. Nan ka maladi, se sou pòt yo kondwi moun yo lopital, akoz eta lamantab wout la.

5) Zafè edikasyon an menm, se yon veritab tèt chaje. Majorite timoun oblije rete chita lakay yo akoz mèg mwayen paran yo pou achte inifòm pou yo, alewè pou pèyman lekòl yo. Genyen yon lekòl nasyonal nan seksyon an sevre, men anpil manman ak papa pa vle voye pitit yo nan lekòl la pou rezon sa yo : a) lekòl la an movèzeta; b) gen nan pwofesè yo ki pa touche, ki dekouraje e answit ki refize vin bay timoun yo lenstriksyon.

6) Absans lapolis anndan seksyon an okazyone bandi ak zàm achte seksyon kominal yo lajan kontan. Pa janm gen yon veye oswa yon maryaj k ap fèt nan seksyon kominal yo pou bandi sa yo pa simen latwoublay. Depi yo fin bwè wonm ,yo sou,yo tonbe tire nan tout direksyon. Yo menm pran plezi pwiske yo gen zàm, tonbe vòlè tout sa peyizan yo posede nan seksyon an.

Devan tout kalamite sa yo, KASEK la, madàm Mulâtre Edithe, pa konnen ki sen pou li rele nan kanton an. Li lanse yon SOS prese prese bò kote otorite konsène yo pou Lamontay, 4e seksyon kominal Jan Rabèl ki livre pou kont li nan tout kalite pwoblèm.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.