Operasyon Lapopo: dezyèm chèf group gang Makès ap dirije a, fouke anba minòt ajan PNH

1,161

03-12-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan UDMO-Wès 2 yo fouke vandredi 10 mas 2023 a, Gauthier Adlet, ki genyen ti non jwèt li “John”, yon monkonpè ki danse kole ak chèf gang “Makès” ki nan tèt yon group gang sangwen kap opera nan Lafito ak Moulen Dayiti.

Prezime koupab la, John jwenn arestasyon li akoz men li ki trenpe nan yon seri gro zak kriminèl tankou: anlèvman ou kidnapping, asasina, vòl ame ak olèmen, ak aktivite reselè ak group gang Kanaan e Senk Segonn. John se dezyèm alatèt group gang Makès ap dirije a, daprè responsab PNH yo.

Comments are closed.