Ajan Egzekitif Enterimè komin Janrabèl la, mande entèvansyon san pèdi tan sou wout Banòdwès yo ki vrèman an galimatcha.

418
0
Share:
TRiboLAND

Janrabèl, Ayiti____(TRiboLAND) “Pi gwo pwoblèm 4 komin Banódwès yo (Janrabèl, Mòlsennikola, Bonbadopolis ak Bèdeèn) ap fè faskare nan moman sa yo, se pwoblèm wout”; se deklarasyon Ajan Egzekitif Enterimè komin Janrabèl la, msye Marc Déjean ki kontinye mande entèvansyon konpayi TPTC Nòdwès ak tout gwo zotobre nan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé pran responsablite yo sou wout Banòdwès yo ki vrèmam enpratikab.

Ajan Egzekitif Déjean rabat pou di “yon pase men sou wout Banòdwès yo, ap pèmèt peyizan yo dekoule pwodwi yo sou mache a san oken difikilte.
Ajan Egzekitif la, msye Marc Déjean te tou pwofite adrese’l ak konpayi INOPS ki gen pou entèvni sou twonson wout Janrabèl – Soval ak Katinèt, ki vrèman pa egziste ankò.

Déjean ankourache yon parèy demach ki ta dwe egzekite san pèdi tan. Pou li menm, ” pasajè yo, e peyizan yo sitou, yo vrèman dekouraje fas ak pwodwi kap gaspiye e ki kreye anpil ratman sou mache lokal yo.

Pou fini, msye Marc Déjean fè deklarasyon sila yo, jounen lendi 19 me 2025 lan, pandan pasaj li nan Metwopòl Nòdwès la kote l te vin rankontre ak kèk otorite nan Leta a.

Share:

Leave a reply