Fondasyon TRiboLAND : 2 jou fòmasyon gratis sou agwo-chimi endistriyèl pou jèn Ginode, se pi bèl vakans nan lavi yo

76
0
Share:
TRiboLAND

08/04/2026

Ginode, Ayiti_____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon gratis sou agwo-chimi endistriyèl pou jèn nan lokalite Ginode, Ba Nòwès, jodi madi 4 dawou 2026.

Plis pase 104 patisipan te ranpli espas ki loje lekòl Nasyonal Ginode a. Yo te soti nan diferan kwen nan rejyon an ki te toujou ap tann avèk pasyans seyans fòmasyon gratis sila ki te akse sou sou : Nan blen, Daty, Deside, Magrit, Nan Jakòb, Madi Gra, Sou Platon, Zabriko, Tè Blanch, poun site sa yo sèlman.

Gras ak efò finansye media anliynTRiboLAND, jèn yo, gason kon fi te genyen opòtinite pou yo te transfòme yon seri pwodwi local atravè yon ansanm modil ki te fasilite yo reyalize jèl pou cheve, pomade zaboka, savon mango pafen, savon lave, kremas mango ak gato patat.
Tout aktivite sila yo kap fèt atravè peyi a, tradwi volonte yon konpatriyòt ayisyen, Louis Louissaint ki asèpte ofri diferan gwoup jèn yon ansanm nosyon pwatik ou manyèl kap ede yo rete lwen non sèlman kòripsyon, gang, pwostitisyon ak delenkans jivenil, men fasilite yo benefisye yon seri zèl kat antreprenarya ki makònen ak yon otonomi ekonomik ekilibre.

Antouka pou patisipan yo mouvman TRiboLAND la, fè yo viv anpil sipriz; yo etone wè sèvis aprantisaj la ak materyèl, enskripsyon e patisipasyon e tout bagay nèt te rive sou yo gratis, ou san senkòb Lesko. Pou anpil nan yo, se pibon moman vakans yon pa janm pase nan vi yo!

Nap raple, seyans fòmasyon yo te chapante e delivre anba direktiv fòmatè Johnkervens Petithomme ki te deside pote yon parèy sèvis lakay popilasyon Ginode a.

Share:

Leave a reply