Deplozaj protestasyon popilè kont yon ponp gas “Total” nan Delma 75

1,694

07-10-2022

Delma, Ayiti______(TRiboLAND) Deplozaj ou protestasyon popilè nan yon ponp gas Total nan Delma 75 aprèmidi dimanch 10 jiyè 2022 a nan ri Katalpa.

Konsa, sa ki esplike leve plim sou do sa, gen pou wè avèk mekontman ak iritasyon yon group moun ki deklare ke yo bouke ak pratik kòripsyon sa lè responsab yo deside pa bay gaz yon fason pou fè mache nwà ou krim finansye.

Group moun sa yo ki te ankolè pat mete dlo nan bouch yo pou yo salanbe konpòtman kriminèl enstitisyonalize responsab ponp gaz yo atravè peyi a. Yon kraze egalman anpil materyèl nan ponp la e menase pou ensandye.

Anrevanj, lapolis te oblije entèvni pou mete “Ola” e tire e simaye gaz lakrimojèn.

Comments are closed.