Pawàs Monkamèl : Finiray Ermane Pétiomard, ansyen Majistra adjwen komin Kapotiy

2,142

07-10-2022

Kapotiy, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou te rann yon dènye omaj byen merite a Majistra annapré Komin kapotiy a Mesye Ermane Pétiomard ki te mouri sou kabann lopital nan Santiago, Repiblik Dominkèn dimanch pase a. Konsa, fanmiy defen an te reyalize yon gwo seremoni finèb samdi 9 Jiyè 2022 a nan Pawas Monkamèl nan Kapotiy.

Nan prezans divès otorite nan leta a ki te soti divès kote nan objektif pou te vin pote sipò bay Konsèy Minisipal Kapotiy a avèk fanmiy defen an.

Pami otorite sa yo, nou te remake prezans ansyen Depite Sikonskripsyon Kapotiy-Montòganize a, Dr Fritz Adrien, Vis-delege awondisman Wanament la, Mesye Arold Joseph, Majistra komin Montòganize a, Mesye Sylvio Micanor, Majistra komin Fòlibète a, Mesye Louis-Jacques Etienne, Majistra Komin Wanament la, Mesye Luma Démétrius, ansyen Senatè depatman Nòdès la Mesye Ronald Larêche, Kazèk ak Azèk pwemye ak dezyèm seksyon komin Kapotiy yo, Delege vil komin Kapotiy yo, reprezantan Lapolis Nasyonal, Sante Piblik avèk estaf Tribinal Lapè komin Kapotiy an e latriye.

Nan eloji li, Prezidan Konsèy Minisipal komin Kapotiy a, Mesye Eugène Adrien fè konnen poko te janm genyen yon Majistra ki mouri pandan l te sou pouvwa nan komin Kapotiy. Li te tou pwofite raple kòman Majistra Ermane te konn fonksyone avèk ekip la nan benefis kominote a.
« Se premye fwa yon Majistra an fonksyon mouri nan komin nan. Majistra Ermane Pétiomard te yon bon kolaboratè, li te toujou fè tout sa ki depann de li pou avansman komin nan.»

Yon lòt kote, Direktè Jeneral Meri Kapotiy an Mesye Lahisner Pierre ki te pran moso lapawòl nan okazyon an, te montre l genyen gwo tristès kap travèse l. Li fè konnen lanmò sa a se yon gwo pèt pou tout kominote a. Li raple dènye konfidans defen an te fè li. « Mwen pèdi anpil. E, dènye fwa mwen te pale avèk Majistra Ermane, li te dim li gagote paske l dòmi, li wè l nan simityè a.»

Divès kad Meri Kapotiy lan ak lòm Majistra komin nan, Eugène Adrien, Micheline Exavier ak reprezantan plizyè òganizasyon kominotè de baz te akonpanye fanmi Majistra Ermane. Nap siyale, se jouk nan simityè “Welsh” fanmiy an te al antere defen, malgre fineray la te chante nan sant vil Kapotiy.

Jn Simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.