PÒDPÈ : OTORITE YO LANSE YON DINAMIK KONSÈTASYON POU CHÈCHE SOLISYON AK PWOBLÈM VIL LA

137
0
Share:
TRiboLAND

11/07/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan objektif pou amelyore kowòdinasyon aksyon piblik yo epi pote repons konkrè devan divès pwoblèm k ap minen komin Pòdpè, Delegasyon Depatmantal Nòdwès la ki gen nan tèt li Mèt Arnel Auguste ansanm ak Vis-Delegasyon an òganize yon rankont konsètasyon ak reprezantan Direksyon Depatmantal Anviwònman, Agrikilti, Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC), ansanm ak Pakè Tribinal Premye Enstans Pòdpè a. Rankont sa a vize ranfòse dyalòg ant diferan enstitisyon Leta yo epi mete konpetans chak estrikti ansanm pou atake prensipal difikilte popilasyon an ap konfwonte.

Pandan echanj yo, plizyè pwoblèm enpòtan ki afekte lavi chak jou nan vil la te abòde, tankou move kondisyon sanitasyon, difikilte sikilasyon, degradasyon divès aks wout, mank enfrastrikti drenaj ak nesesite pou amelyore kolaborasyon ant enstitisyon konsène yo. Responsab yo mete aksan sou enpòtans yon apwòch kolektif, paske okenn enstitisyon pa kapab rezoud pwoblèm sa yo poukont li. Se nan sans sa a yo swete fè rankont konsètasyon sa yo tounen yon kad pèmanan pou kowòdone entèvansyon, defini responsablite chak estrikti epi swiv angajman ki pran yo.

Nan yon vil tankou Pòdpè, kote pwoblèm fatra, sikilasyon, wout ak dlo lapli kontinye reprezante gwo defi pou popilasyon an, inisyativ sa a parèt kòm yon demach ki merite atansyon. Sepandan, pi gwo atant sitwayen yo rete nan kapasite otorite yo pou transfòme diskisyon sa yo an aksyon konkrè ki kapab pote chanjman nan lavi kominote a. Paske, pi lwen pase bèl diskou ak rankont enstitisyonèl, Pòdpè bezwen rezilta vizib, angajman serye ak yon kolaborasyon efikas ant tout aktè konsène yo. Konsètasyon dwe louvri pòt aksyon, epi aksyon dwe bay rezilta pou popilasyon an.

Share:

Leave a reply