Bandi ame sou motosiklèt ouvè kout zam sou rezidans prive senatè Joseph Lambert

2,019

07-04-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kontak li avèk jounal anlyin “Vant Bèf” jodi lendi maten 4 jiyè 2022 a, prezidan Ti miyèt Sena a, Joseph Lambert konfime yon atak ame ke moun li pa arive idanfye fè sou rezidans prive li nan Delma 40 B, nan kapital la.

Daprè senatè a ki tap depoze, bandi sangwen yo atake rezidans lan nan lanwit 3 jiyè pou leve 4 jiyè. Yo te plizyè ki tap sikile sou motosiklèt nan moman yo tap ouvè kout zam sou lokasyon an, alòske ajan sekirite palmantè a ki te sou men yo, arive te riposte e blese plizyè nan sangwen yo.

Comments are closed.